Si game Rap Kreyòl la te konpetitif, ou kwè Wendyyy tap ka fè panse konsa e menm vini ak yon track ki rele – Le’m Vle. Tèlman pa gen pyès moun ki ka rale tron nan ak kouròn nan nan men “king nan”, li ka pran break lè’l vle. Sa nap mande tèt nou, kijan fè Wendyyy still kontinye ap fè jan de mizik sa yo toujou, fanatik yo ta dwe bouke ak menm tèm mizik sa yo kote li dwe ap di koman li pi konn rap, rap li this rap li that. Gen yon lè ki rive ta dwe gen evolisyon. Konbyen mizik atis la ap lage ki pale de menm bagay la ak diferan pawòl. E nou pa vle pou pyès moun panse ke se hate nap hate sou atis la, dayè nou renmen MC an. Wendyyy gen anpil talan e montre plizye fwa ke se li vre ki “King Nan”, nou senp ap mande eske fan rap kreyòl pa bouke tande atis la kap pale de menm bagay yo. Anpil moun ka fè diskisyon di se sak rap la, men nou ka di bagay sa yo se pou rookie ki vle montre yo ka rap vre. Si’w ka rap vre, ou pa oblije ap bat tanbou’w nan chak mizik paske gen twòp sijè Wendyyy te ka atake pou’l montre jan’l fò. Pa gen pyès lòt konsèp atis la ka devlope ?
« M pran poz m tounen le’m vle/ le chalè a bese, m monte’l le’m vle ». Tout yon mouvman rap paka depann sou yon sèl MC. Rap la tap vin trouve’l nan eta deplorab si se Wendyyy sèlman ki te ka gen switch la nan men’l, pou’l pase eyèn limyè rap la lè’l vle – pa tap gen ase vi pou rap la. Lirikman « Le’m Vle », fè mwayenn li, men vre fanatik rap mande plis de atis la. « King rete King », men tout bagay gen nivo yo. Gen king ti peyi, gen king gwo peyi. Yonn rele tet li king dwe fè king shit. Wendyyy ta sanble vle refè “Dedouble” ak mizik sa, men track sa pa rèd ase pou fè menm fanatik atis la dedouble.
Antouka, nap tann album nan. Nap wè si Wendyyy ap pale de kèk bagay serye, bagay ki ka enspire jenès la. Bagay mizik dyòlè sa se pou neg ki fèk ap vini ki vle montre ke yo ka rap. Wendyyy prouve tèt li déjà nan afè konn rap, li lè pou atis la komanse ekri. Kòm atis la paka pa gade jan bagay yo ap fèt nan mouvman rap la Etazini, si’l ta vle pou moun pran’l kom yon Kendrick Lamar oubyen yon J. Cole, (li paka mete’l nan nivo Jay-Z) li ka wè jan nèg sa yo travay epi jan yo pa menm bezwen pale, travay yo pale pou yo. Afè bagay mizik pou nèg ap fè dyòlè di yo konn rap sa, se bagay ti moun. Pito atis la ta di konbyen machin li genyen ak konbyen lajan li gen la bank piti. Nan laj Wendyyy ye la, li pa ti moun ankò. Fon ti rechès pou gade a ki laj Biggie ak 2 Pac te mouri e kisa yo te gentan akonpli. Gade fondè mizik mesye sa yo ki te mouri nan laj 24, 25 an.
Wendyyy ka « catch feeling » jan’l vle. Men menmjan li di king ap rete king, verite ap rete verite. Mantalite “Le’m Vle” sa fè nèg parese pou travay pou vin ak bagay ekstraodinè. Paka bay piblic la menm bagay yo epi pou’w ap pwoclame tèt ou king. Si se nan sa rap kreyòl la pran la, li gen gwo problèm.
HMI Buzz