Lè nap pale de Haitian Hip Hop oubyen Rap Kreyol, nou dwe konnnen nap pale de yon eritaj sakre. Donk, nou dwe tout sa yo ki te vini avan. respè. Sa yo kite trase chemen an pou tandans sa rive kote li ye jodi a. “Si’w pa konn kote’w soti, ou pap konn kote’w prale”, m rap. Mwen men’m Oz’mosis pa tap sa’m ye jodi a san tanvay Master Dji, Money Mike, Supa Deno, e Top Adlerman. Se akoz de yo, mwen te “fall in love” ak Hip Hop an jeneral. Yo te ede’m jwenn vwa’m. Album Just Come from Home nan se biyografi’m pou fanatik mwen yo kap konn plis de atis. Oz’mosis – “Kote’w Soti’w”, fanatik mwen yo ka wè jis kote’m soti.
Jodi a nap viv nan yon lòt mond, bagay yo rele respè a se pa yon bagay ki popilè. Nosyon bay youn lòt respè vle di desann tèt pou anpil nan nou nan tan nap viv la. Se sak fè Oz’mosis pap chèche respè pyès animatè oubyen manm medya, rapè, e DJ. Men mwen fout bezwen kredi’m pou kontribisyon m bay mouvman. Haitian Hip Hop sal ye jodi a se paske m te kreye fondasyon an ak lòt kolèg tankou Sly-One, Dr. Zoe, Mecca AKA Grimo, Bennchoumy e kèk lòt sòlda. Sky’z Da Limit, premye gwoup rap ki soti nan States la ki te premye fè album; anplis, anpil hit ki te anvayi Ayiti.
Malgre m gen plizyè ane m pat met mizik deyò, m te toujou kanpe pou mouvman an nan fason pa’m. M itilize platfòm mwen, HMI Buzz, pou promote mouvman an. Kote’w Soti se yonn nan mizik ki revele ki yès ki Oz’mosis la, paske kote yon moun soti ka eskplike ki moun li ye.
Kote’w Soti se mizik tout moun ki fyè de kote yo soti. Donk chak moun ta dwe apresye kote’l soti paske kote’w soti ka ede’w ale kote ou vle ale nan vi a. Haitian Hip Hop san Oz’mosis, se tankou manje san sèl.
Video sa te reyalize gras ak men dwat mwen, Ron Mentor. Depi an kòmansman karyè’m, Ron toujou kolabore avè’m. Nou genyen anpil lot bagay kap vini.

Rodly Madeus