Konbyen fwa anko nap tande jan de eskandal sa yo nan Diaspora Ayisyen an? Fre nou ak se nou yo kontinye ap fouye dwet nan kob leta oubyen fon piblik? Anpil kote, nan Etazini, yo gentan klase Ayisyen pami moun yo pi pa fye. Sito Ayisyen ki nan gwo pozisyon, toujou gen tandans bliye si se nan etazini yo ye. Anpil Ayisyen toujou panse yo entelijan, e ke yo ka fe zoro tounen nef. Jodi a nouvel tonbe sou Miami Herald. Anplwaye nan Little Ayiti Sant Kiltirèl (Little Haiti Cultural Art Center) Miami an “mal” peye yon machann deyò yo pouswiv sibvansyon, fe sa yo vle ak lajan an, ak pèmèt kèk lokatè yo sèvi ak etablisman piblik lan san yo pa akò kontra-lwaye, dapre endepandan jeneral oditè vil la.
Nan yon revizyon ki fèt sou envestigasyon koripsyon piblik, anplwaye oditè jeneral Ted Guba a tou te jwenn ke ansyen direktè sant Little Ayiti a, Sandy Dorsainvil te “afilye ak” yon machann sant kiltirèl pandan tan li jere etablisman an. Men, oditè pa jwenn anyen prèv ke Dorsainvil “ekonomikman benefisye de vandè a.”Dapre atik Miami Herald la, Biyo Cuba a gen lontan ap sivire sa kap pase nan sant la anba anba byen dousman pou ka jwenn jan de bagay konsa. Repitasyon Ayisyen pat ede paske jan de eskandal sa yo rive two souvan.
Gen moun ki déjà rayi kominote a e kap fe tout jan pou detwi kredibilite nou. Donk, nou ta dwe pran plis prekosyon ak lajan leta nou nan pozisyon. Nou tande eskandal sa yo two souvan. Plis nap tande yo, se plis yap gen je sou nou e se plis yap jwenn pou antrave nou. Nou konnen ki nou pratike bagay yo nan peyi nou Ayiti, nou paka ap aji menmjan nan peyi blan. Epi pa fwa se neglijans e mank de konpetans ; fok ou ka montre kijan chak grenn dola depanse.
Kominote Little Ayiti a dwe kenbe dirijan yo responsab. Yo pap sispann mennen envestigasyon sou nou. Yo konnen jan nou aji le nou nan yon pozisyon. Yo tande tout sa kap pase nan peyi Ayiti, ki donk yo deja pa fe nou konfyans. Fok nou pran men nou mezanmi.
HMI Buzz
